Chant 81

Prezans ou pi chè pase lò

L'Ombre du Réveil · Créole

Kè

Prezans ou pi chè pase lò Prezans ou pi dous pase myèl Tout moun ki goute li konn sa Ala ou bon Senyè Jezi!

Kouplè 1

Se pou non ou beni Ou menm Bondye trè wo Se pou tout sa k nan nou beni ou Se ou ki padone tout inikite n yo E ki geri tout maladi n yo

Kouplè 2

Non ou se Emanyèl Ki se Bondye ak nou Nou tout reyini pou laglwa ou Nou vle pou w touche nou pandan n ap chache ou Manifeste prezans ou Senyè.

Kouplè 3

Lè n atriste Lespri ou Se jemi n ap jemi Tout zo nan kò nou yo ap griye Benediksyon pa nou, se kouri pou peche Pou n kapab toujou nan prezans ou.

Retour aux chants