Chant 42

Mwen te twouve m yon jou nan yon wout difisil

L'Ombre du Réveil · Créole

Kouplè 1

Mwen te twouve m yon jou nan yon wout difisil Mwen t ap mande ki kote mwen prale Mwen tande yon vwa dous K ap rele m vin jwenn li Depi lè sa mwen konnen m asire.

Kè

Pou m antre Kanaran nan bèl vil selès la Fò m aksepte soufri avek lafwa Nan dezè a m konnen fòk genyen dlo nan je M ap rete fidèl, fò m wè Sovè a.

Kouplè 2

Si gen grangou, lapèn ak mizè tèt chaje M ap leve je m gade bon Sovè a Mwen deside m tout bon fòk mwen rive laba Kote mèt mwen pra l ban m vrè rekonpans.

Kouplè 3

Sa gen lontan depi m ap soufri sou wout la Malgre traka mwen kwè m ava rive Mwen tande vwa Jezi K ap di mwen pran kouraj Lè m a rive m a bliye tout mizè.

Kouplè 4

Nan dezè a m konnen fòk gen dezolasyon Fòk gen traka, tristès ak tet chaje Men malgre tou, m konnen M ap wè vil Kanaran Kote zanj yo ak Kris pral di m bravo.

Kouplè 5

Zanmi mwen si nou vle pou n wè vil kanaran Fò n bay Jezi vre direksyon lavi nou Pa pè pa krent men m si Wout la paret fè nwa Genyen yon jou tout bagay va fini.

Retour aux chants