Chant 28

Wete m nan lakou tanp lan

L'Ombre du Réveil · Créole

Kouplè 1

Wete m nan lakou tanp lan Fè m soti nan foul la, Fè m pase nan lye sen an Kot sakrifikatè yo Ap fè bèl louwanj Pou ou Bondye; Mwen vle wè fas ou, O Senyè! Mèt, Nanm mwen swaf jistis ou a Men selman yon kote.

Kè

Pran men mwen, Kondwi m nan lye trè sen an, Lave mwen avek san ti mouton an; Pran men mwen, Kondwi m nan lye trè sen an, Pirifye bouch mwen pou m ka louwe ou.

Retour aux chants