Chant 111

Papa mwen chita devan w maten an

L'Ombre du Réveil · Créole

Kouplè 1

Papa mwen chita devan w maten an Men ti Bib mwen louvri devan m M ap mande w tanpri louvri lespri mwen Pou m ka konprann pawòl ki ladan l Pou m ka sonje se ou ki papa mwen Pou m toujou fè tout sa ou di mwen Mwen bezwen fòs LespriSen ou anpil Pou m rete toujou nan bon chemen.

Kè

Lave m ak dlo vivan Nouri m ak pawòl vivan Pou m sèvi Bondye vivan Toutotan mwen rete vivan.

Kouplè 2

Mesi Bondye ou ban mwen pawòl sa a Lè m dekouraje li ban mwen fòs Lè m grangou, Lè mwen swat mwen sipòte Pawòl sa gen pwoteyin ladan l Tanpri pa kite m pase yon maten Pou m pa pran randevou ak Bib mwen San m pa jwenn medikaman mwen bezwen Pou pase jounen an ak Bondye.

Retour aux chants