Kè
An n viv pou Kris Tout kote n pase Kit sa bon, kit sa rèd An n viv pou li Li pa lwen tounen Pou verifye travay nou Sou tè a.
Kouplè 1
Lanmou Bondye Fè Kris desann Vini viv tankou yon moun Lanmou Bondye Va fè l tounen Pou viv ak nou pou toutan
Kouplè 2
Lè Jezi te monte nan syèl Li kite nou sou latè Li mande n temwaye amou l Jouk li tounen vin chache n
Kouplè 3
Jezi te bay lavi l pou nou Tèlman l te vle sove nou Li mande n sakrifye n pou lòt Pou lavi yo ka chanje
