Chant 35

Bondye la ak nou

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Bondye la ak nou L ap veye sou nou (2 fwa) Wi Bondye se bèje nou Nan li nou asire Wi Bondye se defans nou Se li k ap kòmande

Kouplè 2

Bondye la ak nou Wi li konn delivre (2 fwa) Pouvwa Bondye pa gen parèy Tout sa l fè se mèvèy Lè Bondye ap mennen nou Kite l fè sa li vle

Kouplè 3

Bondye la ak nou L ap veye sou nou (2 fwa) Ak Bondye wi nou pa pè Li ban nou kè poze Nan Bondye wi nou kwè Nap suiv li nèt ale Wi Bondye se bèje nou (2 fwa) Pouvwa Bondye pa gen parèy (2 fwa) Ak Bondye wi nou pa pè (2 fwa)

Retour aux chants