Kè
Ala bon sa bon lè yon nasyon Gen Senyè a pou Bondye li (2 fwa) O wi sa bon lè yon nasyon (2 fwa) Genyen Senyè a pou Bondye li...
Kouplè 1
Se li ki kreyatè a Li gen twòn li nan syèl la Se li menm k ap kòmande Sou tout limanite Li genyen bon kè Se nan li ki gen bonè Li p ap janm chanje
Kouplè 2
Bondye fè wout nan lanmè Israyèl genyen lagè Tout sa se mèvèy Bondye Wi li gran tout bon vre Li prèt pou aji Pou tout moun ki repanti E ki kwè nan li
Kouplè 3
Kretyen an n leve kanpe Peyi nou ka delivre Rele Bondye toupatou Li va tande rèl nou E se va lapè Lajwa, lanmou nan tout kè Tout kote n pase
