Kouplè 1
Bondye Papa mwen Mwen vini nan pye ou Bondye Papa mwen Fè m konprann pawòl ou Vini restore vi mwen Wi transfòme mwen Ou se Bondye mwen Fè m viv jan ou vle
Kè
Senyè pa fè sa mwen vle Mwen vle viv jan ou mande Ou se gid mwen, mennen mwen kote ou vle
Kouplè 2
Kòmandman ou yo Se bagay ki sèten Fè m obeyi yo Wi louvri lespri mwen Pou richès ki gen nan ou Lè mwen fè sa ou vle Ou se Bèje mwen Fè m viv jan ou vle
