Kè
Bondye se tout pwoteksyon nou Wi se li menm, ki tout fòs nou Menm si n anba tray Wi l ap mete n sou ray Bondye se tout vi nou
Kouplè 1
Menm si n wè tè a pran tranble Mòn yo chavire, nou boulvèse Konnen Bondye ap veye sou nou Konnen Bondye pa bliye nou
Kouplè 2
Tout moun ki met konfyans nan li Bondye ba yo fòs, yo pa febli Bondye se tout sa nou espere Wi se kot Bondye nou vle rete
