Kouplè 1
Mwen t ap viv nan peche lwen Bondye Mwen t ap fè tout bagay ki fè kè mwen plezi Nan twou kote m te ye, lwen Bondye; Jezi fè Lespri vini chache m pou ban m lavi
Kè
Sentespri Bondye rejenere mwen Sentespri Bondye transfòme mwen, Sentespri Bondye kraze chenn peche Tout glwa pou Bondye lavi mwen chanje (2 fwa)
Kouplè 2
Mwen vin nan sosyete moun sove M ape fè tout bagay k ap fè Kris la plezi Se gras mwen vin chache kay Bondye Lespri Bondye a nan mwen pou mwen ka pote fwi
Kouplè 3
Chakjou m ape batay kont peche Mwen va pote viktwa ak pisans Sentespri Djab la, monn lan, chè a mèt move, M ap pote viktwa paske je m fikse sou Jezi
