Chant 20

Bondye deklare m jis

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Mwen te pèdi nan peche Lanmò m te merite Bondye nan lanmou li Pito voye Jezi mouri San Jezi ki koule Ka lave tout peche Paske mwen kwè nan sa Kondanasyon m kaba

Kè

Bondye deklare m jis Menm si w panse m koupab Bondye ap saktifye m, L ap ede m pazapa Li gen pou glorifye m Lè l mennen m nan laglwa Non! pa gen dout nan sa Mwen sove, m sove nèt

Kouplè 2

Mwen jwenn padon peche Gras mwen pa t merite Li fè m kado lavi M ap viv pou fè l plezi Mwen fè Bondye konfyans L ap ban mwen plis pasyans Pou m viv yon vi ki sen Pou m suiv li jouk lafen

Kouplè 3

Bondye toujou fidèl Li p ap manke pawòl Li jis, li patènèl Li p ap pèdi kontwòl Travay li kòmanse Li p ap lage l nan wout M asire m a rive Nan syèl la kout ke kout

Retour aux chants