Kouplè 1
Se sou mòn Gòlgota, Yo te plante yon kwa, Kote brigan te gen pou mouri, Men se sou menm kwa sa a, Kris te mouri pou mwen, Pou m kapab pataje tout glwa li.
Kè
Yo te klouwe Jezi sou lakwa; E se la li te mouri pou mwen. M ape viv nan glwa Li sou tè sa a E yon jou m ava wè Li nan syèl.
Kouplè 2
Pou tout sa k te rive, Sou lakwa nan jou sa a, Mwen va toujou gen rekonesans; Paske sa Jezi fè, Li te fè l nan plas mwen, Pou ban mwen lavi an abondans.
Kouplè 3
Kon yo touye Jezi Ki se pitit Bondye, Yo pa vle wè kretyen yo nonplis; Men mwen pito swiv Li Nan tout sa k ap rive, Pase tout sa m ka jwenn sou tè sa a. (The Old Rugged Cross) (Glad Gospel Songs No 42)
