Kouplè 1
Jezi ape voye Pitit Li pibliye Toupatou bòn nouvèl lavi etènèl la, N ap anonse pechè amou yon Redanmtè Ki vin sou latè kòm Sovè.
Kè
Anbasadè pou Jezikri, Anba fòs pisans Sentespri, N ape pote lapè, pibliye delivrans, Pou sove tout moun ki pèdi.
Kouplè 2
Avèk jwa e kouraj n ap pibliye mesaj Wa nou mande n pote Pou moun ki nan peche. Pechè, ouvri kè ou, Jezi ap rele ou, Devan Li, tonbe ajenou.
Kouplè 3
Koute lè n ap pale devan lakwa pote, Tout peche, tout mizè, di Jezi touman ou, Li va resevwa ou; Li p ap refize ou San Jezikri va lave ou.
