Kouplè 1
Lavi a se tankou yon gran wout Li genyen yon pòt tou Pòt sa se pòt delivrans lan Bondye ofri tout moun Anpil moun pase nan pòt la, Malgre yo te soufri Pòt sa louvri laj pou tout moun, Vini pase ladan l.
Kouplè 2
Pòt sa mennen nan wout etwat Wout ki mennen nan syèl Nenpòt moun kapab rive la, E evite jijman Malgre wout la ka gen Pikan Sa pa dwe fè nou pè Se Men Jezi ki la chak jou, Pou soutni mouton pa l.
Kouplè 3
Pòt sa klere, Jezi ouvri l, Lè l soufri sou Kalvè, Yo pèse fwon l, yo pèse pye l LI te soufri pou nou Pitit Bondye lè l krisifye, Detwi pouvwa lanfè Se pou di tout moun toupatou, Jesi mouri pou yo.
Kouplè 4
Jezi te leve nan lanmò, Plas Li nan syèl, anwo Koute ki jan Li envite Tout moun vin repanti. Se pou nou tout li te soufri San l koule tankou dlo L ap tann tout moun ki kwè nan li Pou ba yo padon Li. (Salvation Songs 3 - No.91
