Chant 75

Bèl sous lavi a

HC RL · Créole

Kouplè 1

Nan m mwen te swaf Li pa t jwenn satisfaksyon E plezi lemonn te twonpe nanm mwen, Men yon bon jou Lè m t ap chèche soulajman, Jezi te di m : Genyen lavi nan mwen.

Kè

Wi, mwen te jwenn li, bèl sous lavi a, Grasa Jezi, ki te mouri pou mwen, San Li te koule, sou mòn Kalvè a; E kounye a Li satisfè nanm mwen.

Kouplè 2

Lavi m te tris lè m pa t ko konnen Jezi, Pa t gen espwa, nanm mwen te boulvèse, Men gras Bondye te louvri sous lavi a, M te jwenn ladan padon ak libète.

Kouplè 3

Zanmi mwen yo, O! poukisa nou mize Vin kounye a, vin jwenn sous lavi sa a, Fado peche two lou pou nou sipòte, Jezi vle ban nou repo jodi a.

Retour aux chants