Chant 73

Ala yon jou lapli

HC RL · Créole

Kouplè 1

Sa fè Senk mil ane pase Noye bati lach la Bondye di: M ap voye delij Pou detwi latè a. Zannimo antre andedan, betizè yo mande Si Noye panse fè lach sou tè sèk derape. Ak fanmi li, Noye antre, Bondye fèmen pòt la Syèl la vin sonm, zeklè pete, Pasyans Bondye kaba.

Kè

Ala yon lapli! (2 fwa) Li tonbe pandan karant jou, San li pa rete ditou, ditou, Ala yon lapli! (2 fwa) Men lach la vwayaje toujou; Ala yon lapli!

Kouplè 2

Moyiz ale sou lòd Bondye Bay pèp la libète, Wa ejip deklare: Mwen p ap kite esklav ale Banboche nan dezè a, Puiske yo tout parese, Olye mwen lage yo, M a fè travay yo redouble. Moyiz reponn Ou pral soufri. Men Moyiz pa te pè. Li kanpe bò rivyè a l leve baton li anlè.

Kè

Ala yon lapli! (2 fwa) Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl Grengole sou Lejip sòt nan syèl. Ala yon lapli! (2 fwa) Farawon pa t ka sipòte l. Ala yon lapli!

Kouplè 3

Nan tan Eli an Israyèl lè Wa Akab renye, Sechrès te rèd, twazan edmi Lapli a pa t tonbe, Akab banboche sou Kamèl, lè Eli t ap priye Sis fwa nanpwen anyen, Men Eli pa t dekouraje, Byento yon ti nyaj parèt, Eli te pran kouraj li di Akab: Ou dwe pare pou yon kokenn lapli.

Kè

Ala yon lapli! (2 fwa) Syèl la tounwa, dlo a te frèt; Akab rann kont se pa yon jwèt; Ala yon lapli! (2 fwa) Lè li rive li mouye nèt. Ala yon lapli!

Kouplè 4

Avan Jezi tounen nan syèl kote Li te sòti Ak onz apot yo Li pwomennen Jouk nan Betani Li di: Lè m rive nan syèl la M a voye Sentespri a Donk, rete a Jerizalèm Jouk pisans la vini. Sanven disip nan chanmòt la T ape veye e priye Yon van sibit sekwe kay la Benediksyon vide.

Kè

Ala yon lapli! (2 fwa) Bondye voye Sentespri li Yo preche chak moun nan lang pa li Ala yon lapli! (2 fwa) Mesaj gaue nan tout peyi Ala yon lapli!

Retour aux chants