Chant 6

Pitit byenneme nan Jezi

HC RL · Créole

Kouplè 1

Pitit byenneme nan Jezi, Mèveye pawòl lagras; Nan Pitit Li Papa a wè nou Grasa Kris Li ban nou plas.

Kè

Alèkile nou se pitit Bondye E sa nou va ye pa ko manifeste, Men nou konnen lè Li va parèt, Nou konnen lè Li va parèt, Nou va sanble Li, Nou va sanble Li, Paske n a wè Li jan Li ye.

Kouplè 2

Esperans beni pa lwen nou Byento n a wè glwa Bondye Lè ekla selès parèt tou N a kontanpl fas Jezi.

Kouplè 3

Promès Kris va reyalize, N a gen Menm imaj ak Li, Se pisans Li ki transfòme, Chak moun ki vin konvèti.

Retour aux chants