Kouplè 1
Lè pèp Kanaran fè kè yo di kont Bondye Yo atriste Li ak peche, Donk Bondye voye gèp yo pou regle yo Pou ede pèp izrayèl ganyen. Gèp yo pèswade yo li ta preferab Prese vit e pou yo pa mize; Bonye pa fè y aji kont volonte yo, Sèlman Li fè yo byen dispoze.
Kè
Li p ape fòse nou ale, non, non Le p ape fòse nou ale, Le pa fè nou aji kont volonte nou, Sèlman Li fè nou byen dispoze.
Kouplè 2
Si yon nich gèp vivan te andedan chan nou Epi gèp ta kòmanse vole; Nou pa ta bezwen konvenk ou pou sòti, Ou ta prese kouri sòti vit. Se pa akòz fòs yo pou yo pouse ou, Jete ou nan fenèt la non; Yo p ap fè ou aji kont volonte ou Sèlman yo fè ou byen dispoze.
Kouplè 3
Lè yo voye Jonas nan lèv le Senyè a, Li pa te vle ale laba, Li pa janmen fè yon travay ki si rèd, Donk, li abandone travay la. Men Bondye fè yon gwo pwason vale li, Se yon istwa nou tout konnen, Li p ap fè nou aji kont volonte nou, Sèlman li fè li byen dispoze.
Kouplè 4
Lè Balaam a l kote Moab la, Li te vle regle zafè li; Bourik li repwoche l nan mitan chemen, Misye admèt pou li obeyi. Si l ka sèvi ak yon bourik Bondye ka Fè ak nou nenpòt sa Li vle; Li p ap fè nou aji kont volonte nou Sèlman Li fè nou byen dispoze.
Kouplè 5
Gen anpil moun ki sanble ak bourik Toude se bèt rebèl, se vre; Si ou di l Vire se toudwat la ale Ou di l La se atò li mache; Chan sa a parèt dwol, men li se verite E mwen pa ta swete gèp pike ou Donk, pa reziste kont lapawol Bondye Kite li fè ou byen dispoze.
