Kouplè 1
Va genyen yon limyè ki sòti nan syèl la Lè m fini pase wout lavi sa a, Soulajman tout fado ape tann mwen anwo, Lè m fini pase wout lavi sa a.
Kè
Lè vwayaj la fini epi jou mwen rive M a rantre nan site selès la Paske bon Sovè m nan Ape tann tann mwen laba Lè m fini pase wout lavi sa.
Kouplè 2
Malgre wout la move byento m a va chante Lè m fini pase wout lavi sa a, Si mwen pèsekite, Kris va fè mwen bliye Lè m fini pase wout lavi sa a.
Kouplè 3
Pòt syèl la va louvri e m a wè Jezikri, Lè m fini pase wout lavi sa a, M ava adore Li pou gran delivrans sa a Lè m fini pase wout lavi sa a.
