Kouplè 1
Lè zwazo vole Bondye wè l, Li veye yo toujou; Si Bondye renmen ti zwazo, Mwen konnen l renmen m tou.
Kè
Li renmen m tou, Li renmen m tou, Mwen konnen l renmen m tou, Menm jan li renmen ti zwazo, Mwen konnen l renmen m tou.
Kouplè 2
Li fè bèl flè jaden yo, Li wouze yo ak dlo, Menm jan li renmen bèl ti flè Li renmen timoun yo.
Kouplè 3
Ni flè, ni bèt, ni ti pwason Bondye te fè yo tout, Li p ap bliye yon sèl timoun Li renmen yo san dout.
