Kouplè 1
Lè mwen ouvri pòt kè mwen bay Jezi Li ban mwen yon jwa mèvèye, Se yon jwa ki va dire touttan Se Jezi ki ban mwen jwa sa a.
Kè
Nan pi fon kè mwen lanmou Jezi ape chante, Nan pi fon kè mwen La pe ak lajwa ap pouse Nan pi fon kè mwen Lesperans ape soulaje, jwa, pè, amou, esperans, Nan pi fon kè mwen.
Kouplè 2
Li ban mwen yon kalite lapè K ap fè sipòte tout detrès, Akòz mizèrikòd enfini l M ap jwi lanmou li jouk nan syèl.
Kouplè 3
Li ban mwen yon esperans pafèt, E yon jou m a wè figu Li, M ap fè kè mwen rejwi nan Jezi Ak lajwa, lesperans, lapè. (Favorite 2 No.45) (Making Melody No.236)
