Kouplè 1
Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye, Anvi monn nan trennen m nan bafon peche Senyè pou yon pov mizerab gen pitye, Touswit Li vin sekouri m kote m te ye.
Kè
Li retire m nan labou peche Li mete pye m sou tè fèm se vre, Li fè kè m rejwi e m ap chante Yon chan, glwaradye! Alelouya!
Kouplè 2
Li te mete m sou tè fèm bò kote Li Pye mwen vin asire nan chemen lavi, Nanpwen danje ankò Li kenbe m debou M ap mache pazapa avèk Li toujou.
Kouplè 3
Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen, Lannwit kou lajounen se Li m ap chante, Kè mwen ap debòde, Nanm mwen delivre, Tout glwa pou Redanmtè, Senyè Jezikri.
Kouplè 4
M ap chante gran mizerikòd Li pou mwen Mwen vle selebre jouktan tout moun konnen Nanpwen lòt sovè pou lèzòm jodi a Vin chache sekou Li avan li twò ta.
