Kouplè 1
Mwen vle sanble Ou Redanmtè beni Se sa dezi ak lapriyè m Tout trezò tè sa a pa interese m Si sèlman mwen k ap sanble Senyè m.
Kè
Mwen vle sanble Ou, mwen vle sanble Ou Redanmtè beni konplètman sen Vin nan dousè Ou, reponn priyè mwen Enprime pòtre Ou nan kè mwen.
Kouplè 2
Mwen vle sanble Ou, plen ak konpasyon Plen lanmou, plen padon, plen tandrès, Sekouri malere avèk fèb yo, E ede mizerab nan detrès.
Kouplè 3
Mwen vle sanble Ou nan imilite Sen, inosan, san tach, e san blam Dousman sipòtan epi san repwòch Prèt pou soufri pou lòt yo sove. (Favorites 5 | No. 43)
