Chant 52

Gen moun ki pral kriye

Gloire a l'Agneau · Créole

Kouplè 1

Gen moun ki pral kriye, Gen moun ki pral rele Paske konpasyon Bondye pral fini. Twonpèt la pral sone, Sa k pou Jezi ap monte, Sa k pou Satan ap rete pou jijman.

Kè

Ala kriye k pral genyen, Ala rele k pral genyen, Paske Konpasyon Bondye pral fini. (2 fwa, 2 liy) Sa k pou Jezi ap monte, Sa k pou Satan ap rete pou jijman.

Retour aux chants