Kouplè 1
Gen yon non mwen renmen chante, Se yon non mwen p ap janm bliye, Paske se grasa li mwen sove, Non sa a se non Jezikri
Kè
O wi mwen renmen Jezi! (3 fwa) Paske Li renmen m avan
Kouplè 2
Gòlgota mwen p ap janm bliye, Se la Kris mouri pou sove Tout pechè ki vle vin lave Nan san li ki koule la.
Kouplè 3
M ap sere pawòl Bondye Nan kè mwen pou mwen pa peche Kont Jezi ki te sove nou Lè li te mouri pou nou. (O, how I love Jesus)
