Chant 51

Senyè Jezi gad jan ou bon Senyè

Gloire a l'Agneau · Créole

Kouplè 1

Senyè Jezi gad jan ou bon Senyè; N ap fè louwanj pou ou, pou tout sa ou fè. Ou delivre nou nan aksidan yo Nan maladi yo, nan peche nou yo Se poutèt sa, n ap fè louwanj pou ou.

Kè

Men jis kilè w ap retounen, Senyè? Anpil pitit ou ape mouri mal. Mechan touye yo, mechan manje yo, Men nou konnen w ap vin jije Tout kriminèl yo.

Kouplè 2

Nou gen konsyans, Se nan labou ou jwenn nou; Ou lave nou epi ou fè n vin pwòp. Ou soufle sou nou souf lavi pa ou la, Grasa ou Senyè nou santi n sove Se poutèt sa, n ap fè louwanj pou ou.

Kouplè 3

Chak jou nou leve lemonn mande chanjman; Men yo panse se gouvènman k ap fè l. Jou aprè jou nou wè sa ap pi mal Paske se Jezi k ap vin fè chanjman Se poutèt sa, ann prepare tann li.

Retour aux chants