Chant 43

Pouki w bat kò w pou sa k ap vin demen

Gloire a l'Agneau · Créole

Kouplè 1

Pouki w bat kò w pou sa k ap vin demen Pou tout bagay nou pa kapab konprann; Si n ap viv chak jou pou n atenn bi a, Se pou n veye pou touche ke wòb Senyè a.

Kè

Desizyon nou ka fè nou jwenn wout pèfeksyon an Revèy Bondye nan nou va pi gran Pase tout lòt yo. E lè vwa Jezi va pale ak nou Annou veye pou n touche ke wòb Senyè a.

Kouplè 2

Pouki ou bat kò ou pou yon mariaj fòse? Pouki ou pa tann Senyè a fè chwa pou ou? Eske maryaj vle di sa sove pou sa? Se pou n veye pou n touche ke wòb Senyè a.

Kouplè 3

Fòk nou fò, fòk nou kriye an avan; Fò n pa fache lè bagay yo mache mal. Jezi konnen bezwen chak pitit li Se pou n veye pou n touche ke wòb Senyè a.

Retour aux chants