Chant 40

Tribilasyon nou Senyè, Senyè, Senyè

Gloire a l'Agneau · Créole

Kè

Tribilasyon nou Senyè, Senyè, Senyè, Pwoblèm nou yo ak kalamite Yo tout vle pote nou ale. (2 fwa)

Kouplè 1

Chak jou n leve, se gnou sèl koze Nou pa ka manje, nou pa ka abiye; Pitit nou yo pa ka ale lekòl, N ape mande ki kote sa prale, O Bondye! Kè 2 Pwoblèm nou yo, taka nou yo, Yo tout vle pote nou ale.

Kouplè 2

Lè gwo pwoblèm vini pou l trouble nou, Lè tout espwa sanble fini pou nou Lè n pa konnen si pou n monte, ni desann; Nou vin n kote w, ou toujou delivre n, O Bondye!

Kouplè 3

Lè n gen yon pwoblèm ki pa kapab rezoud, Lè n pa konnen si pou n monte ni desann; Pwan telefòn syèl la epi telefone anwo, Priyè va monte, delivrans va desann

Retour aux chants