Chant 3

Mòn ki pi wo

Des Cantiques Spéciaux · Créole

Kouplè 1

Frè m ak sè m yo Vini pou nou mete n ajenou Devan papa nou an Pou n ba li glwa ak louwanj Li merite pou toutan. Mande li pen chak jou Ak padon peche n yo tou Chay nou santi twò lou L ap retire l pou nou.

Kè

Mòn ki pi wo Kapab deplase lanmè ki pi fon Kapab separe Kè ki pi lou yo Kapab soulaje Lè pitit bondye yo priye (2fwa)

Kouplè 2

Pou sa ki malad yo, sa ki pèdi Ki poko jwenn bon chemen Se pou vwa nou sonnen Ak lafwa, konviksyon Tout sa nou mande Kapab rive si li vle. An n met kè nou ansanm Pou n fè priyè nou monte E lè gras la va desann Lemonn va wè se vre. Chant du Groupe Alabanza Groupe Alabanza

Retour aux chants