Kouplè 1
Kite lemonn byen lwen ou Vini, vini avèk nou; N ap fè yon nouvo pa chak jou, (2 fwa) Pou Siyon, patri nou. (2 fwa)
Kè
N ap fè wout pou Siyon, Bèl Siyon, peyi Sovè nou! Kretyen, annavan pou Siyon, Se bèl, se bèl peyi nou.
Kouplè 2
Nan Syèl la, bèl mizik la, Avèk bèl kantik yo tou, K ape kondwi lame Syèl la, (2 fwa) Va rejwi n tou, yon jou. (2 fwa)
Kouplè 3
Pou ranpòte laviktwa, Se pou nou swiv Jezikri; Chak sòlda gen pou resevwa, (2 fwa) Laglwa lè l fin soufri. (2 fwa)
Kouplè 4
Jezikri, Redanmtè a Enstale sou gran twòn li L ape renye nan tout syèl la (2 fwa) Ak kouwòn sou tèt li (2 fwa)
