Kouplè 1
Mwen t ap neye nan peche Byen lwen lapè Bondye; Nanm mwen ki te plen peche T’ap plonje san rete. Jezi ki t ape veye m Lè li tande rèl mwen Li vini touswit ede m, Li sove mwen.
Kè
Jezi sove m ! Jezi sove m ! Lè mwen te san sekou, Jezi sove m ! Jezi sove m ! Jezi sove m ! Lè mwen te san sekou, Jezi sove m !
Kouplè 2
Wi, tout kè m mwen vle ba li, Pou m toujou avèk li, Pou mwen viv nan prezans li, Pou m chante louwanj li. Lanmou li si bon, si gran! Li merite tout vi m, Pou mwen sèvi li toutan Map bay tout vi m.
Kouplè 3
Moun ki nan peche chèche l, Jezi vle sove ou; Pou l pote, avèk lanmou Tout fado ki twò lou. L a sove ou nan tanpèt, L a kache ou toujou, Fòtifye ou nan dizèt, L a sove ou.
