Chant 62

Lontan mwen te rete nan lògèy

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Lontan mwen te rete nan lògèy; M pa t rann kont Senyè m te krisifye; M pa t konnen se pou mwen san l koule Sou bwa Kalvè.

Kè

Tout gras Bondye te pou granmesi, Jezi te ban mwen tout padon li. Nanm mwen ki te twouble jwenn lavi Sou bwa Kalvè.

Kouplè 2

Pawòl Bondye te montre m peche m; Lò mwen wè lalwa mwen te tranble, Jouk tan nanm koupab mwen te vire Bò bwa Kalvè.

Kouplè 3

Kounye a m remèt Kris tout bagay Kounye a se pou li m ap travay; Kounye a se remèsiman m ap bay Pou bwa Kalvè.

Kouplè 4

O ! lanmou ki te fè plan sali! O ! lagras ki te fè li vini! Se pou peche mwen Kris te soufri Sou bwa Kalvè.

Retour aux chants