Kouplè 1
« Ou pa dwe pè anyen Mwen toujou ak ou » Men pwomès la, kretyen, Ki soutni kè nou. Wout sou tè a mèt nwa Sa p ap fè mwen pè; Nanm mwen plen ak espwa, M ap mache ak bon Sovè m
Kè
Mwen pa janmen sèl; (2 fwa) Jezi, Sovè m ap veye mwen Li pa janm kite mwen sèl Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa) Jezi, Sovè m, ap veye mwen, Mwen pa janm rete tou sèl.
Kouplè 2
Solèy la klere byen, Nan bon tan sèlman; Men Jezi limyè mwen Li klere tout tan. Lè mwen pa wè klète Solèy ki byen bèl, Nan nenpòt ki kote Jezi parèt, mwen wè syèl.
