Kouplè 1
Mwen te pèdi nan vye peche Mwen t ale lwen Bondye. Depi Jezi te vin jwenn mwen, Se Li k ap viv nan mwen.
Kè
Jezi viv nan mwen, (2 fwa) Ala bèl bagay pou mwen! Jezi ap viv nan mwen.
Kouplè 2
Menm jan solèy la bay lavi Tout flè yo sou latè, Jezikri se solèy pou mwen, Se li ki ban m lavi.
Kouplè 3
Mwen vle, Senyè, e se dezi m Avan tout lòt bagay, Viv lavi ki nan ou, Senyè, Toutan w ap viv nan mwen.
