Kouplè 1
Gade ti Jezi ki kouche nan krèch la, Otèl la refize l malgre li te Wa; Bèje yo te vini pou adore li. Bèl ti Senyè Jezi ki t ape dòmi.
Kouplè 2
Bèf yo t ape begle, ti Bebe leve Li ouvri bèl je li, men li pa t kriye ; Zetwal nan syèl la te klere figi li; Vin wè Sovè ou ki te fèt pou mouri.
Kouplè 3
Mèsi, Senyè Jezi, pou kado lavi, Jou fèt ou, Nwèl la, fè kè mwen rejwi; Mwen renmen ou, Jezi, pi plis ke jamè Mwen ba ou tout kè mwen pou letènite.
