Chant 11

San Jezi mwen pa kapab viv

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

San Jezi mwen pa kapab viv Mwen pa ka fè yon sèl pa; Se li menm sèl mwen ta vle suiv. M ap suiv li jouk sa kaba.

Kè

Anyen mwen pa gen pou m krenn Puiske Sovè m ap veye m; M ap suiv li san mwen pa plenyen Li p ap kite mwen neye.

Kouplè 2

Amou li avèk pwomès li Ranpli kè m ak yon gran jwa; Mwen mèt tou fèb mwen mèt kagou, M sèten l ap ban m laviktwa.

Kouplè 3

Lè fènwa vin pou fè m tranble, Avèk li mwen brav anpil; Lè vwa satan ape gwonde Mwen rete dousman, trankil.

Kouplè 4

Jezi, wete tout sa k pa pwòp Nan kè mwen, pou mwen mache; Pirifye mwen, lave m, fè m pwòp Jan Bondye vle pou mwen ye.

Retour aux chants