Kouplè 1
Jezi resisite! Ak kè nou plen jwa Toupatou n ap chante; N ap ba li glwa.
Kè
Li te soti nan tonbo, Yon Sovè vivan e toupisan! Pou jamè, li gen laviktwa sou lanmò; Etènèlman, l a renye ak sen li yo. Kris vivan! Kris vivan! Alelouya ! Kris vivan!
Kouplè 2
Jezi resiste! Se nan li toujou Pou nou tout al chache Fòs ak sekou.
Kouplè 3
Jezi resisite! Li ban nou lavi; E nan letènite N a avèk li.
