Chant 102

Anfen mwen livre volonte m si rebèl

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Anfen mwen livre volonte m si rebèl; Mwen vle pou ou, Sovè m, pou menm sèl. Kounye a mwen vle di nan priyè m: Senyè, fè volonte ou nan kè m.

Kè

Volonte Bondye dous; Se li menm mwen kontan swiv; Senyè, volonte ou agreyab; Fè m pi konprann li chak jou; Fè m konnen jan pou m swiv ou; Volonte ou dous, li si emab.

Kouplè 2

Mwen te fini, bouke viv anba peche Chemen Satan fènwa, rèd e glise; Men yon bèl limyè klere wout la Lè m te jwenn ak Jezi pre lakwa.

Kouplè 3

O, volonte ou dous; ladan m ap rete; Ou sèl konnen chemen mwen dwe pase. Tout dezòd regle, lapè ranpli m; Kon yon ti zwazo, nanm mwen vin lib.

Kouplè 4

Nanm mwen kache nan ou, Senyè, pou toutan Pye mwen pa pou swiv ankò tras Satan. Ki pisans ki ka egare mwen Lè m rete nan volonte Bondye?

Retour aux chants