Ròm 4

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn? 2 Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l' gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye. 3 Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l' gras. 4 Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l' fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li. 5 Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l' yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li. 6 Se sa David te vle di, lè l' deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l' fè, se moun konsa ki beni: 7 Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè! 8 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l' kont pou sa li fè ki mal! 9 Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fèk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l' gras. 10 Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pa t' nan apre. Se te anvan li te sikonsi. 11 Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi. 13 Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l' te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pa t' fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sak fè Bondye te fè l' gras. 14 Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò; pwomès li a pèdi tout valè li. 15 Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa. 16 Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout, 17 jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la. 18 Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil. 19 Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò. 20 Non, li pa t' pèdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye. 21 Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fè sa l' te pwomèt la. 22 Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l' gras. 23 Men, se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Li fè li gras. 24 Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an. 25 Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ròm 4:1-3

Ro 4:1-25. The Foregoing Doctrine of Justification by Faith Illustrated from the Old Testament.

First: Abraham was justified by faith.

1-3. What shall we say then that Abraham, our father as pertaining to the flesh, hath found?--that is, (as the order in the original shows), "hath found, as pertaining to ('according to,' or 'through') the flesh"; meaning, "by all his natural efforts or legal obedience."

Ròm 4:4-5

4-5. Now to him that worketh--as a servant for wages.

is the reward not reckoned of grace--as a matter of favor.

but of debt--as a matter of right.

Ròm 4:6-8

6-8. David also describeth--"speaketh," "pronounceth."

the blessedness of the man unto whom the Lord imputeth righteousness without works--whom, though void of all good works, He, nevertheless, regards and treats as righteous.

Ròm 4:9-12

9-12. Cometh this blessedness then, &c.--that is, "Say not, All this is spoken of the circumcised, and is therefore no evidence of God's general way of justifying men; for Abraham's justification took place long before he was circumcised, and so could have no dependence upon that rite: nay, 'the sign of circumcision' was given to Abraham as 'a seal' (or token) of the (justifying) righteousness which he had before he was circumcised; in order that he might stand forth to every age as the parent believer--the model man of justification by faith--after whose type, as the first public example of it, all were to be moulded, whether Jew or Gentile, who should thereafter believe to life everlasting."

Ròm 4:13-15

13-15. For the promise, &c.--This is merely an enlargement of the foregoing reasoning, applying to the law what had just been said of circumcision.

that he should be the heir of the world--or, that "all the families of the earth should be blessed in him."

was not to Abraham or to his seed through the law--in virtue of obedience to the law.

but through the righteousness of faith--in virtue of his simple faith in the divine promises.

Ròm 4:16-17

16-17. Therefore, &c.--A general summary: "Thus justification is by faith, in order that its purely gracious character may be seen, and that all who follow in the steps of Abraham's faith--whether of his natural seed or no--may be assured of the like justification with the parent believer."

Ròm 4:18-22

18-22. Who against hope--when no ground for hope appeared.

believed in hope--that is, cherished the believing expectation.

that he might become the father of many nations, according to that which was spoken, So shall thy seed be--that is, Such "as the stars of heaven," Ge 15:5.

Ròm 4:23-25

23-25. Now, &c.--Here is the application of this whole argument about Abraham: These things were not recorded as mere historical facts, but as illustrations for all time of God's method of justification by faith.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.