Ròm 2

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo. 2 Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a. 3 Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a? 4 Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa? 5 Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. 6 Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 7 Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 8 Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. 9 Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo. 10 Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo. 11 Paske, Bondye pa gade sou figi moun. 12 Tout moun ki pa t' konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a. 13 Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande. 14 Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a. 15 Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè. 16 Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt. 17 Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kò ou sou lalwa a. W'ap vante tèt ou dèske ou konn Bondye. 18 Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen. 19 Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa, 20 yon pwofesè lekòl pou timoun; ou kwè ou ka moutre moun ki pa konnen anyen yo anpil bagay. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a. 21 Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou? 22 W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap dèfann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo! 23 Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a! 24 Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa. 25 Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pa t' janm sikonsi. 26 Lè yon moun lòt nasyon ki pa sikonsi fè sa lalwa a mande, èske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi? 27 Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a. 28 Se pa moun ki gen aparans jwif ki jwif tout bon. Se pa sikonsizyon ki kite mak nan kò moun ki sikonsizyon tout bon an. 29 Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ròm 2:4

Ro 2:1-29. The Jew under Like Condemnation with the Gentile.

From those without, the apostle now turns to those within the pale of revealed religion, the self-righteous Jews, who looked down upon the uncovenanted heathen as beyond the pale of God's mercies, within which they deemed themselves secure, however inconsistent their life may be. Alas! what multitudes wrap themselves up in like fatal confidence, who occupy the corresponding position in the Christian Church!

4. the goodness of God leadeth thee to repentance--that is, is designed and adapted to do so.

Ròm 2:5

5. treasurest up unto thyself wrath against--rather "in."

the day of wrath--that is wrath to come on thee in the day of wrath. What an awful idea is here expressed--that the sinner himself is amassing, like hoarded treasure, an ever accumulating stock of divine wrath, to burst upon him in "the day of the revelation of the righteous judgment of God!" And this is said not of the reckless, but of those who boasted of their purity of faith and life.

Ròm 2:7-10

7-10. To them who, &c.--The substance of these verses is that the final judgment will turn upon character alone.

by patient continuance in well-doing, &c.--Compare Lu 8:15: "That on the good ground are they, which in an honest and good heart, having heard the word, keep it, and bring forth fruit with patience"; denoting the enduring and progressive character of the new life.

Ròm 2:12

12. For as many as have sinned--not "as many as have sinned at all," but, "as many as are found in sin" at the judgment of the great day (as the whole context shows).

without law--that is, without the advantage of a positive Revelation.

shall also perish without law--exempt from the charge of rejecting or disregarding it.

and as many as have sinned in the law--within the pale of a positive, written Revelation.

shall be judged by the law--tried and condemned by the higher standard of that written Revelation.

Ròm 2:13-15

13-15. For not the hearers, &c.--As touching the Jews, in whose ears the written law is continually resounding, the condemnation of as many of them as are found sinners at the last involves no difficulty; but even as respects the heathen, who are strangers to the law in its positive and written form--since they show how deeply it is engraven on their moral nature, which witnesses within them for righteousness and against iniquity, accusing or condemning them according as they violate or obey its stern dictates--their condemnation also for all the sin in which they live and die will carry its dreadful echo in their own breasts.

Ròm 2:16

16. In the day, &c.--Here the unfinished statement of Ro 2:12 is resumed and closed.

shall judge the secrets of men--here specially referring to the unfathomed depths of hypocrisy in the self-righteous whom the apostle had to deal with. (See Ec 12:14; 1Co 4:5).

according to my gospel--to my teaching as a preacher of the Gospel.

Ròm 2:17-24

17-24. Behold--"But if" is, beyond doubt, the true reading here. (It differs but in a single letter from the received reading, and the sense is the same).

Ròm 2:25-29

25-29. For circumcision--that is, One's being within the covenant of which circumcision was the outward sign and seal.

verily profiteth, if thou keep the law--if the inward reality correspond to the outward sign.

but if, &c.--that is, "Otherwise, thou art no better than the uncircumcised heathen."

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.