Sòm 98

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la. 2 Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras. 3 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou. 4 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante! 5 Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik! 6 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa. 7 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante. 8 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan. 9 Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 98:1

PSALM 98

Psa 98:1-9. In view of the wonders of grace and righteousness displayed in God's salvation, the whole creation is invited to unite in praise.

1. gotten ... victory--literally, "made salvation," enabled Him to save His people.

right hand, and ... arm--denote power.

holy arm--or, "arm of holiness," the power of His united moral perfections (Psa 22:3; 32:11).

Sòm 98:2

2. salvation--the result of His righteousness (Psa 7:17; 31:1), and both are publicly displayed.

Sòm 98:4-6

4-6. make a loud noise--or, "burst forth" (Is 14:7; 44:23).

before ... King--hail Him as your sovereign; and while, with every aid to demonstrate zeal and joy, intelligent creatures are invited to praise, as in Psa 96:11-13, inanimate nature is also summoned to honor Him who triumphs and rules in righteousness and equity.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.