Sòm 97
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! 2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri. 3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase. 4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble. 5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a. 6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li. 7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li. 8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè! 9 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo. 10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo. 11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan. 12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 97:1-2
PSALM 97
Psa 97:1-12. The writer celebrates the Lord's dominion over nations and nature, describes its effect on foes and friends, and exhorts and encourages the latter.
1-2. This dominion is a cause of joy, because, even though our minds are oppressed with terror before the throne of the King of kings (Ex 19:16; De 5:22), we know it is based on righteous principles and judgments which are according to truth.
Sòm 97:3-5
Sòm 97:6
Sòm 97:7
7. Idolaters are utterly put to shame, for if angels must worship Him, how much more those who worshipped them.
all ye gods--literally, "all ye angels" (Psa 8:5; 138:1; He 1:6; 2:7). Paul quotes, not as a prophecy, but as language used in regard to the Lord Jehovah, who in the Old Testament theophania is the second person of the Godhead.
Sòm 97:8-9
8-9. The exaltation of Zion's king is joy to the righteous and sorrow to the wicked.
daughters of Judah--(Compare Psa 48:11).
Sòm 97:10-12
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
