Sòm 66
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! 2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li! 3 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou. 4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè. 5 Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li. 6 Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè! 7 Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo? 8 Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li! 9 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise. 10 Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. 11 Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. 12 Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou. 13 M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. 14 M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la. 15 M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. 16 vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. 17 Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li. 18 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. 19 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè. 20 Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 66:1
PSALM 66
Psa 66:1-20. The writer invites all men to unite in praise, cites some striking occasions for it, promises special acts of thanksgiving, and celebrates God's great mercy.
1. Make ... noise--or, "Shout."
Sòm 66:2
2. his name--as in Psa 29:2.
make his praise glorious--literally, "place honor, His praise," or, "as to His praise"; that is, let His praise be such as will glorify Him, or, be honorable to Him.
Sòm 66:3-4
Sòm 66:5-6
5-6. The terrible works illustrated in Israel's history (Ex 14:21). By this example let rebels be admonished.
Sòm 66:7
7. behold the nations--watch their conduct.
Sòm 66:8-9
8-9. Here is, perhaps, cited a case of recent deliverance.
Sòm 66:10-12
Sòm 66:13-15
13-15. These full and varied offerings constitute the payment of vows (Le 22:18-23).
Sòm 66:16-20
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
