Sòm 62
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. 2 (062:3) Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'. 3 (062:4) Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe? 4 (062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay. 5 (062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. 6 (062:7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'. 7 (062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen. 8 (062:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou. 9 (062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a. 10 (062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou. 11 (062:12) An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete. 12 (062:13) Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 62:1
PSALM 62
Psa 62:1-12. To Jeduthun--(See on Psa 39:1, title). The general tone of this Psalm is expressive of confidence in God. Occasion is taken to remind the wicked of their sin, their ruin, and their meanness.
1. waiteth--literally, "is silent," trusts submissively and confidently as a servant.
Sòm 62:2
Sòm 62:3
3. Their destruction will come; as a tottering wall they already are feeble and failing.
bowing wall shall ye be--better supply "are." Some propose to apply these phrases to describe the condition of "a man"--that is, the pious suffer: thus, "Will ye slay him," &c.; but the other is a good sense.
Sòm 62:4
Sòm 62:5-6
5-6. (Compare Psa 62:1, 2).
Sòm 62:7
Sòm 62:8
Sòm 62:9
Sòm 62:10
10. Not only are oppression and robbery, which are wicked means of wealth, no grounds of boasting; but even wealth, increasing lawfully, ought not to engross the heart.
Sòm 62:11
Sòm 62:12
12. for thou renderest--literally, "that Thou renderest," &c., connected with "I heard this," as the phrase--"that power," &c. [Psa 62:11]--teaching that by His power He can show both mercy and justice.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
