Sòm 61

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (061:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (061:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! 2 (061:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a. 3 (061:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo. 4 (061:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou. 5 (061:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan. 6 (061:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò. 7 (061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'. 8 (061:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 61:1-3

PSALM 61

Psa 61:1-8. Neginah--or, Neginoth (see on Psa 4:1, title). Separated from his usual spiritual privileges, perhaps by Absalom's rebellion, the Psalmist prays for divine aid, and, in view of past mercies, with great confidence of being heard.

1-3. From the end--that is, places remote from the sanctuary (De 28:64).

Sòm 61:4

4. I will abide--So I desire to do (compare Psa 23:6).

trust in the covert, &c.--make my refuge, in the shadow (compare Psa 17:8; 36:7).

Sòm 61:5

5. the heritage--or, part in the spiritual blessings of Israel (Psa 21:2-4).

vows--implies prayers.

Sòm 61:6-7

6-7. the king--himself and his royal line ending in Christ. Mercy and truth personified, as in Psa 40:11; 57:3.

Sòm 61:8

8. Thus for new blessings will new vows of praise ever be paid.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.