Sòm 48

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. 2 (048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. 3 (048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. 4 (048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. 5 (048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. 6 (048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, 7 (048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. 8 (048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. 9 (048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. 10 (048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. 11 (048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. 12 (048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. 13 (048:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen 14 (048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 48:1

PSALM 48

Psa 48:1-14. This is a spirited Psalm and song (compare Psa 30:1), having probably been suggested by the same occasion as the foregoing. It sets forth the privileges and blessings of God's spiritual dominion as the terror of the wicked and joy of the righteous.

1. to be praised--always: it is an epithet, as in Psa 18:3.

mountain of his holiness--His Church (compare Is 2:2, 3; 25:6, 7, 10); the sanctuary was erected first on Mount Zion, then (as the temple) on Moriah; hence the figure.

Sòm 48:2-3

2-3. situation--literally, "elevation."

joy of, &c.--source of joy.

sides of the north--poetically for eminent, lofty, distinguished, as the ancients believed the north to be the highest part of the earth (compare Is 14:13).

Sòm 48:4-6

4-6. For--The reason is given. Though the kings (perhaps of Moab and Ammon, compare Psa 83:3-5) combined, a conviction of God's presence with His people, evinced by the unusual courage with which the prophets (compare 2Ch 20:12-20) had inspired them, seized on their minds, and smitten with sudden and intense alarm, they fled astonished.

Sòm 48:7

7. ships of Tarshish--as engaged in a distant and lucrative trade, the most valuable. The phrase may illustrate God's control over all material agencies, whether their literal destruction be meant or not.

Sòm 48:8

8. This present experience assures of that perpetual care which God extends to His Church.

Sòm 48:9

9. thought of--literally, "compared," or considered, in respect of former dealings.

in the ... temple--in acts of solemn worship (compare 2Ch 20:28).

Sòm 48:10

10. According ... praise--that is, As Thy perfections manifested (compare Psa 8:1; 20:1-7), demand praise, it shall be given, everywhere.

thy right hand, &c.--Thy righteous government is displayed by Thy power.

Sòm 48:11

11. the daughters, &c.--the small towns, or the people, with the chief city, or rulers of the Church.

judgments--decisions and acts of right government.

Sòm 48:12-14

12-14. The call to survey Zion, or the Church, as a fortified city, is designed to suggest "how well our God secures His fold." This security is perpetual, and its pledge is His guidance through this life.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.