Sòm 38
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè! 2 (038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale. 3 (038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal. 4 (038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen. 5 (038:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou. 6 (038:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je. 7 (038:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m' 8 (038:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri. 9 (038:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri. 10 (038:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo! 11 (038:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an. 12 (038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen. 13 (038:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale. 14 (038:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a. 15 (038:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen. 16 (038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape. 17 (038:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen. 18 (038:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè. 19 (038:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'. 20 (038:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen. 21 (038:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè! 22 (038:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 38:1-4
PSALM 38
Psa 38:1-22. To bring to remembrance, or, remind God of His mercy and himself of his sin. Appealing to God for relief from His heavy chastisement, the Psalmist avows his integrity before men, complains of the defection of friends and persecution of enemies, and in a submissive spirit, casting himself on God, with penitent confession he pleads God's covenant relation and his innocence of the charges of his enemies, and prays for divine comfort and help.
1-4. He deprecates deserved punishment, which is described (Psa 6:1), under the figure of bodily disease [Psa 38:3].
Sòm 38:5-8
5-8. The loathsomeness, corruption, and wasting torture of severe physical disease set forth his mental anguish [Psa 38:6]. It is possible some bodily disease was connected. The
loins are the seat of strength. His exhaustion left him only the power to groan [Psa 38:9].
Sòm 38:9
9. That God can hear (Ro 8:26).
Sòm 38:10
Sòm 38:11-12
11-12. Friends desert, but foes increase in malignity.
Sòm 38:13-14
13-14. He patiently submits, uttering no reproaches or replies (Joh 19:9) to their insulting speeches;
Sòm 38:15-17
Sòm 38:18
18. Consciousness of sin makes suffering pungent, and suffering, rightly received, leads to confession.
Sòm 38:19-20
19-20. Still, while humbled before God, he is the victim of deadly enemies, full of malice and treachery.
enemies are lively--literally, "of life," who would take my life, that is, deadly.
Sòm 38:21-22
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
