Sòm 39
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (039:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (039:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen. 2 (039:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd. 3 (039:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande: 4 (039:5-)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a. 5 (039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye. 6 (039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo. 7 (039:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou! 8 (039:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz. 9 (039:10) M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou. 10 (039:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo. 11 (039:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye. 12 (039:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou. 13 (039:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 39:1
PSALM 39
Psa 39:1-13. To Jeduthun (1Ch 16:41, 42), one of the chief singers. His name mentioned, perhaps, as a special honor. Under depressing views of his frailty and the prosperity of the wicked, the Psalmist, tempted to murmur, checks the expression of his feelings, till, led to regard his case aright, he prays for a proper view of his condition and for the divine compassion.
1. I said--or, "resolved."
will take heed--watch.
ways--conduct, of which the use of the tongue is a part (Jas 1:26).
bridle--literally, "muzzle for my mouth" (compare De 25:4).
while ... before me--in beholding their prosperity (Psa 37:10, 36).
Sòm 39:2
2. even from good--(Ge 31:24), everything.
Sòm 39:3
3. His emotions, as a smothered flame, burst forth.
Sòm 39:4-7
4-7. Some take these words as those of fretting, but they are not essentially such. The tinge of discontent arises from the character of his suppressed emotions. But, addressing God, they are softened and subdued.
make me to know mine end--experimentally appreciate.
how frail I am--literally, "when I shall cease."
Sòm 39:8-10
8-10. Patiently submissive, he prays for the removal of his chastisement, and that he may not be a reproach.
Sòm 39:11
11. From his own case, he argues to that of all, that the destruction of man's enjoyments is ascribable to sin.
Sòm 39:12-13
12-13. Consonant with the tenor of the Psalm, he prays for God's compassionate regard to him as a stranger here; and that, as such was the condition of his fathers, so, like them, he may be cheered instead of being bound under wrath and chastened in displeasure.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
