Sòm 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (019:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (019:2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'. 2 (019:3) Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a. 3 (019:4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. 4 (019:5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. 5 (019:6) Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la. 6 (019:7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay. 7 (019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. 8 (019:9) Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. 9 (019:10) Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri. 10 (019:11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl. 11 (019:12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo. 12 (019:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen! 13 (019:14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a. 14 (019:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 19:1
PSALM 19
Psa 19:1-14. After exhibiting the harmonious revelation of God's perfections made by His works and His word, the Psalmist prays for conformity to the Divine teaching.
1. the glory of God--is the sum of His perfections (Psa 24:7-10; Ro 1:20).
firmament--another word for "heavens" (Ge 1:8).
handywork--old English for "work of His hands."
Sòm 19:2
2. uttereth--pours forth as a stream; a perpetual testimony.
Sòm 19:3
3. Though there is no articulate speech or words, yet without these their voice is heard (compare Margin).
Sòm 19:4
4. Their line--or, "instruction"--the influence exerted by their tacit display of God's perfections. Paul (Ro 10:18), quoting from the Septuagint, uses "sound," which gives the same sense.
Sòm 19:5-6
5-6. The sun, as the most glorious heavenly body, is specially used to illustrate the sentiment; and his vigorous, cheerful, daily, and extensive course, and his reviving heat (including light), well display the wondrous wisdom of his Maker.
Sòm 19:7-9
7-9. The law is described by six names, epithets, and effects. It is a rule, God's testimony for the truth, His special and general prescription of duty, fear (as its cause) and judicial decision. It is distinct and certain, reliable, right, pure, holy, and true. Hence it revives those depressed by doubts, makes wise the unskilled (2Ti 3:15), rejoices the lover of truth, strengthens the desponding (Psa 13:4; 34:6), provides permanent principles of conduct, and by God's grace brings a rich reward.
Sòm 19:12-14
12-14. The clearer our view of the law, the more manifest are our sins. Still for its full effect we need divine grace to show us our faults, acquit us, restrain us from the practice, and free us from the power, of sin. Thus only can our conduct be blameless, and our words and thoughts acceptable to God.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
