Sòm 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (013:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (013:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou? 2 (013:3) Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo? 3 (013:4) Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri. 4 (013:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan! 5 (013:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen. 6 (013:7) M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 13:1

PSALM 13

Psa 13:1-6. On title, see Introduction. The Psalmist, mourning God's absence and the triumph of his enemies, prays for relief before he is totally destroyed, and is encouraged to hope his trust will not be in vain.

1. The forms of expression and figure here used are frequent (compare Psa 9:12, 18; 10:11, 12).

How long ... for ever--Shall it be for ever?

Sòm 13:2

2. The counsels or devices of his heart afford no relief.

Sòm 13:4

4. rejoice--literally, "shout as in triumph."

I am moved--cast down from a firm position (Psa 10:6).

Sòm 13:5-6

5-6. Trust is followed by rejoicing in the deliverance which God effects, and, instead of his enemy, he can lift the song of triumph.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.